top of page
Light Wooden Texture

Vwa Ayisyen Katolik nan Atlanta, GA 

Misyon ak Vizyon

Nou konfye Vizyon ak Misyon sa a bay Granmèt la ki bay lavi, epi nou mete nou anba pwoteksyon Manman Mari pou nou kapab reyalize apèl Pap Franswa fè nou: "pou nou dekouvri kè kontan nan kwè ak nan anonse Bòn Nouvèl Jezi Kri pote pou nou an".

logo.jpg
Light Wooden Texture

Misyon

Misyon Chaplaincy a ki se misyon RTAK la tou, se mete l’ nan sèvis espirityèl ak pastoral tout moun ki gen zantray yo plante nan peyi Ayiti (haïtien d’origine) pou kapab asire ak ranfòse lavi lafwa tout Ayisyen ki nan Achidyosèz Atlanta a. Epitou, tounen prensipal mwayen kominikasyon pou tout moun nan Kominote Katolik Ayisyen an, pou nou kapab rive atenn kat (4) objektif sa yo :

  • Kenbe lafwa moun yo kòm ayisyen pandan y'ap entegre yo nan peyi ki akeyi yo a (USA).

  • Tounen yon bon zouti kominikasyon pou nou rive ak yon pi bon tèt ansanm nan Kominote nou an.

  • Promouvwa bon jan fòmasyon pou fi ak gason nan kesyon pastoral ak sosyal pou yo kapab angaje yo pi fè m nan sèvis ak nesesite kominote a.

  • Promouvwa bon jan angajman kominotè.

Light Wooden Texture

Vizyon

Kominote Ayisyen an nan Atlanta dwe yon kominote modèl kap grandi ti kal pa ti kal nan Lafwa. Yon Lafwa kap manifeste nan lavi Legliz la, nan patisipasyon tout fidèl yo nan sèvis lapriyè, adorasyon, ak entegrasyon yo nan pastoral Achidyosèz la, nan fòmasyon pèmanan pou tout fidèl yo en jeneral ak sila yo ki nan gwoup yo an patikilye, nan katechèz pou timoun, jèn ak granmoun.
Konsa, kominote a ap ka reponn ak angajman sa a pou yo rankontre ak Bondye pou yo kapab bay yon sans ak lavi yo.

Kominote a, lè li reyini nan legliz la, dwe yon espas pou moun yo kapab genyen yon rankont pèsonèl ak Jezi Kri.

Konsa, visyon an rezime nan fòmasyon pou tout moun kapab vin disip Jezi Kri ki se chemen ak esperans lèzòm pou sove ak bay lavi.

bottom of page